Mwen se Luckderson Jackson, mwen fèt Dame-marie (grandans) nan dat ki te 12 janvye 1993,mwen se yon etidyan ki prèske fini nan syans ekonomi epi mwen se powèt

Ou se limyè solèy douvanjou

Ou se lawouze kap pawaze sou tout flè

Kap wouze souvnans lakilti pou bay lespwa Vodou

fòs pou liminen linivè

Ou se powèt kap prezite mo

Ekritè kap bay prensip pou balewouze

Medyoktite epi aprann nou konn sa w vo

Pou goudougoudou fyète n gaye nan tout sosyete

Ou se pwezi kap danse sou rèv

pou miyonnen kreyòl nan tout liv

Nou pap okipe kritik degrenngòch

Pou n makonnen avè w manchlong

Ou se nanm kilti lepeyi kap miyonnen

Satiyèt lespwa pou liminen chandèl

Lanp bobèch kap klere

Pou limyè solèy kreyòl blayi nan lemonn antye

Mwen m pa nan bridsoukou

Nap pran san n pou n deboutonnen lavni

Epi n ap fè pase bay prezan van

Pou fè n grandizè devan gramè

Dayè se avè w m aprann di manman m bonjou

Ou se marasa dosou m

Ou se kreyòl m se kreyòl

Bote w marye ak yon bèl chemiz

Manchlong karabela byen doze

Se poutèt sa kale kò w kreyololo

Avèk ou pa gen fèmen bouch

Tout dan griyen byen griyen

Tout moun konprann byen konprann

Blayi rèv ban nou blayi vizyon

Dayè kondi Jòj kastra ou se bibon m M ap tòtòt ou san kondisyon

Luckderson Jackson​​

28 oktob 2021